Sa bagay la ye?

James Salomon
02 mas 2025
Antre Dèlma 19 pou rive kafou ayopò jou ki te 22 janvye 2025 lan a 5è 52minit nan lapremidi / foto prive
Depi plizyè lane, popilasyon ayisyèn nan ap monte lesyèl pa do. Bagay yo vin
deteryore nèt, klima ensekirite a sibi gwo transfòmasyon. Se nan tout rakwen peyi a
gang ap pouse tankou raje, prensipalman nan depatman latibonit ak lwès. Men se nan
depatman lwès la li anvlimen nèt. Se pa de baz ak lame ou pa tande nan tout rakwen:
Baz Pilat, 5 segond, Taliban, 103 zonbi, Grangrif, Kraze baryè, elatriye. Pou jan
sitiyasyon sa ap devlope a, li bay anpil enkyetid sou avni vil pòtoprens lan ak lòt ankò
ki nan depatman an.
Paj | 1
Mezanmi, peyi a gangsterize nèt. Nan pifò bidonvil ak katye rezidansyèl ki nan kapital
la tankou : Pènye, Tòsèl, Nway, Lilavwa, Onavil, Kafoufèy, Bapedchoz, Bèlè, BaDèlma,
Solino, Fò Nasyonal, lali, Bwa Vèna elatriye, tout moun nan popilasyon an pete kouri
kite kay yo, lage pye yo pou sove po yo anba kriminalite gang yo. Kidonk, kesyon kap
poze, kote èd, materyèl ak lajan yo soti pou yo reziste, goumen epi kreye panik ak
simaye dèy jan y ap fè l la ? ki kote ak kijan yo jwenn zam ak bal pou yo fonksyone ?
Ta sanble pèsonn pa konnen. Men pou mwen, sa m ta renmen konnen, menm jan ak
anpil moun se poukisa anyen pa janm fèt pou kontrekare sitiyasyon sa pou diminye li
epi derasinen l nan peyi a ? kisa ki lakoz sitiyasyon sa ? Ki objektif tout sa kap fèt la
yo? Sa kap pase konsa ?
Se tout moun kap mande kisa bagay la ye.
John Fritzgerald Kennedy, se yon prezidan ameriken ki mouri nan kondisyon ki poko
klè jiska prezan pou gran piblik la. Nan diskou envestiti li jou ki te 20 janvye 1951 an
li te di konsa : « Sispann mande kisa peyi w ap fè pou ou, men chèche konn kisa w ka
fè pou li pito ». Se avèk pawòl sa a mwen vle vlope obsèvasyon m fè ak
konpreyansyon m genyen sou zafè ensekirite a nan peyi d’Ayiti jounen jodi a. Pawòl sa
vle fè konprann chak moun enpòtan, chak moun konte, sa vle di si yon moun, ou
menm, ou pa fè anyen pou peyi w, ti sa w pa fè a se li kap manke e se tout moun kap
manke l, ou menm tou ou pap genyen l. Se tankou jan grann mwen konn di l la : « Sa
w di k pa anyen an se li k plen panyen an ». Gen plis bagay li vle di toujou men ann
gade pito kisa kriz ensekirite a ye nan peyi a, kijan li prezante.
Map konsidere de (2) moman nan evolisyon ensekirite a kòm sistèm ki bati epi kap
bay bon rannman pou moun oubyen sektè ki kreye l la.
Yon premye moman kote gang yo pran nesans nan yon ti fwaye ki kapab yon katye
oubyen yon riyèl anvan yo elaji nan batay youn ak lòt pou sa kap gen plis teritwa nan
men l. Se rete w rete, ou wè nan tou geto yo se gwo goumen youn ak lòt. Nan Tibwa
kont Gran ravin, Vilaj de Dye kont Matisan, Nan Simon kont Pele, Dèlma 6 kont Bèlè,
Lasalin kont Fòtouwon, Savyen kont Jan Deni, Pènye, Taba kont Kwadèboukè,
Kanaran kont Bonrepo, Belekou kont Solèy 4. Se dinamik sa a ki jwenn alyans ak sipò
nan kèk konjonkti politik ak ekonomik ki te vin bay gwo dyèl G9 kont Gpèp ki vin fè
Paj | 2
moun pa ka bouje, moun ap viv nan kache epi oblije kite zòn yo pa pil ak pa pakèt.
Yon dezyèm moman kote, yo vin transfòme tèt yo an yon gwo kowalisyon politik ki rele
VIV ANSANM ki ba yo yon koneksyon jewografik kote yo vin tounen yon gwo espas
byen laj pou yo aji nan tèt kole epi pi byen.
Premye moman sistèm ensekirite a
Klima ensekrite a la lontan sa. Men li kòmanse metamòfoze toutbon nan lane 2010,
2011 yo. San nou pa al pale de orijin li, kote l soti ak kote l branche, men kijan l
prezante : son sikonskripsyon sa n ta rele chan aktivite popilasyon an, on limit sou
espas li okipe yo, yon kontwòl sou sa l dwe fè, sa l ka fè, kote l dwe ale ak kote l ka
ale. Kifè, nan depatman lwès, pou plis presizyon, nan Pòtoprens la ki gen lontan se li
ou gen lenpresyon ki repiblik d’Ayiti a pou kont pal, se yon sènay ki genyen sou
popilasyon an.
La, nou nan peryòd fen manda Michel martelly kòm prezidan, zòn 2015-2016, se
peryòd eleksyon avèk Evans Paul kòm premye minis, pase pran tranzisyon Jocelerme
Privert a pou rive sou twa (3) lane nan manda prezidansyèl Jovenel Moise la 2018

  1. Se nan dènye lane sa yo, Babekyou ki gen bon non l Jimmy cherisier ki son
    ansyen polisye UDMO ki mawon travay li pou move zak enstitisyon an te repwoche l,
    epi al kache nan Dèlma 6, ta pral fonde « G9 an fanmi e alye, manyen youn manyen
    tout » yon koralisyon li menm ak 8 lòt chèf bandi nan peyi a. Avèk koralisyon sa a li te
    pran pozisyon pou pouvwa anplas la pandan rès lòt chèf bandi ki pat avèk li yo, yo
    menm te rele tèt yo « Gpèp ». Youn vin an fas lòt. De (2) gwoup rival sa yo tap batay
    anpil youn kont lòt, kote w te gen lenpresyon ke ni pouvwa a ni opozisyon an, yo chak
    tap mennen youn nan gwoup gang sa yo. Se nan peryòd sa yon fòs rebèl tou ta pral
    pran nesans andedan lapolis la ke yo rele fantom 509, ki fè anpil anpil dega epi simen
    gwo latwoublay nan mitan popilasyon an lè l pran lari.
     Nan antre nò a te gen gwoup gang ki al elaji jous nan lès ki mennen sou
    fwontyè Ayiti ak Repiblik dominikèn nan (Kwadèboukè).
    Paj | 3
     Gen yon lòt gwoup ki te nan opozisyon (laplèn) ki anvan gwoup G9 yo ki
    kòmanse wout 9, Site Solèy pou rive jouk ba Dèlma ak anba Lavil.
     Nan rantre sid la, tout moun konnen gen kowalisyon Granravinn, Matisan,
    Vilajdedye a ki te nan opozisyon ak gwoup ki anlè mòn nan (Nan Tibwa) rive
    jwenn sila ki Laboul yo.
     Nan Latibonit, te gen gwoup Odma a (ki mouri kounya a) nan Savyen ki rele
    baz Grangrif ke Nikson ap dirije kounya, epi Baz Kokorat san ras ki nan rantre
    Nòdwès la, nan Gwomòn.
    Kifè, popilasyon an vin tankou yon wonn nan jwètmab.
    Sitiyasyon an devlope epi evolye konsa: gang yo sòti nan baz yo, yo pran lari ki nan
    perimèt yo epi yal chèche moun pou yo antre vin sere pou yo mande gwo kòb pou
    libere yo. Gang yo fè anpil pwofi nan ka sa a paske se kèk grenn moun yo kidnape yon
    lè konsa ou tande pwòch yo di sou rezo yo ak nan nouvèl swa ki disparèt yo pa janm
    jwenn tras li oubyen yal jwenn kadav li nan yon zòn. Kifè, bandi yo rive fè moun yo
    mobilize gwo lajan voye ba yo.
    Gen anpil refleksyon nou ka fè sou sa, anpil konklizyon nou ka tire. Pami yo, youn sou
    valè moun epi yon lòt sou valè sitwayen an.
    1-1-Valè moun nan
    Ansyen prezidan Jean Bertand Aristide, lè l tounen sot an egzil pou premye fwa, nan
    lane 1995 pou rive 2003 yo, li te gen yon diskou politik ki chita sou Valè moun nan, sa
    nèg kap pale franse yo rele”Capital Humain” an. Diskou a baze sou enpòtans moun,
    kit li se moun lavil kit li se peyizan, kit li konn li, kit li pa konn li e menm si li pòv ,
    menm si li gran nèg. Diskou sila a di konsa : « analfabèt pa bèt ! », « tout moun se
    moun ! ». lide sa a, bank mondyal nan yon atik li soti 3 dawout 2018 ki rele : “Investir
    dans l’individu pour renforcer le capital humain”, nou jwenn yon ekstrè nou tradwi
    konsa:
    Paj | 4
    « Valè moun nan, potansyalite chak grenn moun nan, kapab vini envestisman a
    lontèm ki pi enpòtan yon peyi ka kiltive pou l pèmèt pwosperite ak pi bon kalite
    lavi pou tout sitwayen li yo. »
    menm si kontèks sitasyon sa yo pa fin menm, men yon ti gade yo ka pèmèt nou
    avanse tèz nou an epi prije yon ti eksplikasyon.
    Se sou zafè kidnapping nan menm nap chita pou n pale de valè moun nan, sa moun
    vo.
    Chak moun bandi kidnape li mande yon mas lajan pou l libere li. Moun nan konn rale
    anviwon twa (3) a si (6) mwa e pi plis toujou nan men gang yo si lajan yo mande a
    poko ka kont apre antant yo. Se yon lè konsa ou ka tande yo touye yon moun epi al
    jete kò a oubyen ou pa janm tande pale de moun sa a ni wè l ankò. Nan sans sa a,
    kidnapping nan kòm yon antrepriz pou bandi an chita sou valè yon pwodwi enpòtan ki
    se moun, se pa vi moun nan non. Vi moun nan vin pa enpòtan men se sa lap fè nan vi
    an ki konte.
    1-2-konpòtman sitwayen an
    Feblès leta ayisyen an depi lontan prezante nan gwo difikilte ke li genyen pou li
    kontwole sitwayen l yo, pou l idantifye yo, konn kisa yap regle ak ki kote yap viv. Pi
    plis toujou, zòn yo pa kontwole, leta pa tire benefis ni rantre kòb nan zòn yo paske
    sèvis debaz yo pa prezan. sa rann ensekirite ap dòmi leve nan aspè sa a sèlman.
    Rejim LAVALAS la, pandan moman l tap mennen bak peyi an, soti sou Aristide
    premye vèsyon an pou rive sou Preval dezyèm vèsyon an, 1990-2010, pou anpil
    ayisyen li pote responsabilite move abitid sa a: Pou de senp sitwayen annik inisye yo
    kòm fòs epi egzije machann peye yo lajan pou yo ka ret vann nan mache yo. Jan
    granmoun yo di a: « chimen bouton, se chimen maleng », dezòd sa yo pa korije vin
    lakòz anpil jenn gason ki nan katye popilè ki gen mache ladan yo rantre nan vye pratik
    sa a. Kifè, sa vin fè gen lanbisyon lajan, vin gen divizyon, yo oblije batay youn ak lòt
    pou yo separe resèt yo oswa. Dèfwa kèk nan yo pran tout poukò yo.
    Paj | 5
    Rejim TET KALE a, nan moman pouvwa pa yo a, soti nan Martelly pase pran
    Jovenel, zòn 2011 pou rive jounen jodi a tou kapitalize sou pratik sa a nèt epi fè l
    tounen yon nòm. Lè kalite dezòd sa yo pa korije ankò, li rive nan zòn ki gen biznis yo
    epi pran katye kote moun ap dòmi yo.
    Mwen fè ti rale sa a pou m montre kote bandi yo jounen jodi a jwenn talan sa a pou yo
    ap touche kòb dri konsa, alèz sou tout biznis ki nan zòn kote yo etabli yo, soti nan kay
    moun abite, pran ti boutik, pase pran magazen, pase pran estasyon pwovens yo, rive
    nan trafik ak sikilasyon machin tout kalte.
    Sa vle di kisa ?
    Sitwayen yo oblije kontribye nan yon bann aspè nan lavi sosyal la ke leta pat an mezi
    pou l enpoze yo fè sa. Ki vin fè jodi a tout kòb sa yo se gang yo kap touche yo. Sa rive
    pi lwen, gang yo rive fè moun yo viv an amoni antre yo nan katye yo. Sa vle di moun yo
    pa janm nan kont paske yo pè pou yo pa tonbe anba gwo sanksyon chèf zòn nan.
    Menm si se laperèz, sitwayen an viv anndan anviwonman li ye a nan respè lwa oswa
    règ ki an vigè a; sa leta a pat janm rive fè malgre li defini yo davans bay sosyete a.
    Selon yon abitan Kanaran ki di li te oblije kite zòn nan nan lane 2023 pou l al viv
    Solino, yon lè Jeff Gwo lwa ki se chèf gang zòn nan te gen lide pou fè yon plas piblik,
    li te takse chak abitan pou bay yon bagay, se Chef gang nan ki defini kisa pou w bay
    dapre jan li evalye w kòm sitwayen kap evolye nan zòn nan. Ou pa ka pa bay li. Se
    menm jan an, gen yon abitan ki tap temwanye eksperyans li lè l tap viv anba a nan zòn
    Waf Jeremi nan lane 2018, li ta fè kwè Chèf gang Mikanò sèvi ak yon ti pòs PNH la
    gen anba pou l fè lalwa, anprizone ak bat moun lè yo komèt yon enfraksyon. Ti pòs sa
    a, Lapolis la te fè l pou sèvi kominote a men l pa janm ka itilize l depi lè a. Se konsa l
    ye jounen jodi a nan komin Kafou kote tout bagay ap fonksyone byen pandan chèf
    gang Krisla pouse do lapolis mete deyò.
    Èske nou pa ka di moun kap viv la yo satisfè lè n aprann yo ka soti regle tout aktivite
    yo ?
    Paj | 6
  2. Dezyèm moman sistèm ensekirite a
    Se moman kote ansyen Prezidan Jovenel Moïse te sou pouvwa a epi tap fè fas ak gwo
    mouvman opozisyon ki limite devlopman politik ki te nan tèt li a. La a nou nan lane
    2019, 2020. Kapital peyi a ki se sant manèv politik yo pat sèl kote ki te ajite. Pwovens
    yo tou tap mete gwo chalè sou gouvènman li a pou fòse li kite pouvwa a. Konsa, fwaye
    gang yo te ede l redwi nan espas ki ka kreye tansyon yo pandan yon lòtbò opozisyon
    politik la (Sektè demokratik la) tap bat pou l kenbe mobilizasyon andedan tout geto
    yo, paske si pa gen lajan ki bay swa pa opozisyon an oubyen pa gouvènman an, zòn sa
    yo si yo pa bòykote mouvman yo yap rete net epi frèt. Si n raple n byen, Arnel Joseph
    ki te chèf gang Vilaj nan epòk la, te soti pran lari mache tout nan Bapedchoz jou ki te
    13 fevriye 2019 la pandan tegen gwo manifestasyon ekip opozisyon an tou.
    Babekyou, apre l fin pran tout zòn anba Dèlma a an otaj pran rezo yo pou l anonse
    fòmasyon « Viv ansanm ». Miche monte yon gwo rezo kote li regwoupe tout chèf gang
    yo nan yon sèl mouvman ki gen karakteristik li : Kraze mezi se prizon, kraze epi boule
    komisarya, boule lekòl, kase biznis, dechèpiye magazen, boule machin ak kay moun ki
    pa avèk yo oswa ki kont yo. Li rasanble li menm, Babekyou, Jeff Gwo lwa, Lanmò san
    jou, Izo ak Manno, Isca, Chen Mechan, Mikanò, Chalè, Kenmpès, Vitelòm, Krisla,
    Tilapli, Bougòy, Boutba, elatriye.
    2-1- Mouvman « revolisyonè » an fevriye 2024 pou depa Ariel Henry
    Avèk koralisyon « Viv ansanm » nan, bandi yo deklanche nan kòmansman lane 2024
    la, 29 fevriye, yon mouvman yo rele l revolisyon. Lè yap pale yo di li se : Mouvman
    revolisyonè Viv Ansanm .
    Yo rantre avèk vyolans nan tout katye ki pwòch yo, fòse moun yo kite lakay yo pa pil
    ak pa pakèt al dòmi nan lari tankou lè katastwòf natirèl fin pase. Se gwo dezòd ki rive
    paralize tout peyi a, bloke kapital la, kase majorite prizon pou lage tout prizonye, pami
    yo : Dimitri Hérard ki te chèf USGPN sou Jovenel, Ezekyèl Baz Pilat, Bout Janjan
    Paj | 7
    Lasalin ak Zouma nan Simon. Yo rive tire sou ayewopò Pòtoprens lan, fòse l ret
    fèmen pandan plis pase yon mwa. Zak sila a te anpeche premye minis alepòk la, Ariel
    Henry rantre nan peyi a jouk li remèt demisyon l nan mwa davril menm ane a.
    2-2- Revokasyon Garry Conille : novanm 2024
    Apre Ariel Henry fin demisyone gen yon lòt dinamik ki rive enstore kote CARICOM
    enplike l byen fon pou pèmèt yon Konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) ki konpoze de
    nèf (9) manm pran kontwòl peyi a 25 avril 2024 la epi nome nan mwa jen apre a
    Doktè Garry Conille kòm premye minis konsansis. Apre gwo dezakò, konseye
    prezidansyèl yo revoke miche nan mwa novanm lan epi mete Alix Didier Fils-Aimé nan
    plas li.
    Pandan tan sa a yo bandi yo chita la kraze, mete dife, touye moun tout kalte mezi kote
    yo rive. Nou ka di kounya yap peze popilasyon pòtoprens lan (anba lavil, Dèlma,
    Petyonvil) monte al jwenn depatman sidès la, peze moun ki nan rantre sid depatman
    lwès la al sou gran sid la, peze abitan ki nan rantre nò kapital la monte al nan gran
    nò. San n pa bliye alye yo ki nan pwovens, tankou nan Latibonit ki fin separe
    depatman grannò yo de rès peyi a.
    Kidonk, jounen jodi a, avèk lòt chèf bandi yo, chèf gang Babekyou rive deklannche yon
    mouvman pote boure ki foure yon gwo pati nan kapital la nan pil espas yo okipe deja
    yo. Bapedchoz pou rive channmas, anba lavil pou rive Pòsmachan, ba lali, ba Dèlma a
    pou rive 32 ak 29, Solino, Nazon pou rive Kriswa.
    Nan lide pou konprann sa kap pase la a, anpil opinyon kapab bay. Gen anpil kesyon
    nou kapab poze. Men kèk pami yo:
    2-3- Twòp moun sou tè a
    Èske se yon dinamik pou redwi sou kantite moun kap viv sou tè a?
    Lide sa rete makònen ak divès gè kap fèt anpil kote nan mond lan. Li makònen tou ak
    lòt fenomèn tankou epidemi ak koze vaksen nan plizyè lòt peyi sou latè. Opinyon sa ta
    lese kwè gen yon idantifikasyon sistematik ki fèt ant gwo peyi yo pou diminye nan
    Paj | 8
    popilasyon pèp ki pi pòv yo. Kidonk, se kreye sitiyasyon pou yo goumen youn ak lòt
    pou yo rive touye youn lòt.
    2-4- Konplo Repiblik Dominikèn
    Èske se ta Peyi vwazen an, Repiblik Dominikèn ki dèyè tout sakap fèt la?
    Dominiken yo nan sans sa ta renmen menm jan sa te fèt sou Prezidan Jean-Pierre
    Boyer nan lane fevriye 1822 a, pou yo rantre yon jou pran kontwòl peyi d’Ayiti. Pa gen
    anyen di yo pa ta swete dirije tout zile a nèt. Lè sa a, swa son revanj istorik oubyen
    yon gwo lanbisyon jewopolitik ak ekonomik.
    2-5- Twòp bidonvil nan Pòtoprens
    Èske se leta ayisyen, nan yon lojik gouvènans mondyal, ki ta fikse objektif deplase
    mas rezidans biddonvil ki nan kapital la pou rekonstriksyon vil Pòtoprens jan anpil
    pwojè te montre sa apre tranbleman tè 12 janvye 2010 la ?
    Sa vle di se kapab yon mwayen pou deplase moun yo san dedomajman.
    2-6-Boujwazi tradisyonèl la kap frape
    Èske se boujwa ki la yo kap restitiye tèt yo oubyen pwoteje enterè yo ?
    Yap restitiye tèt yo pou sa yo pèdi swa nan 6,7 jiyè 2018 oubyen nan pèsekisyon
    politik ak lè leta ap jere zafè moun pa. Yo ka ap pwoteje enterè yo si yo estime ke yo
    gen de koulwa ak rapò mache avèk leta ki konn rapòte yo anpil lajan ki dwe rete sekrè
    epi konsève pou pi lontan toujou.
    2-7-Konsèvasyon pouvwa politik ak koripsyon
    Èske se Klas politik ki gen pouvwa a nan dènye ane sa yo (Rejim PHTK a) ki gagote
    yon pakèt lajan (Petwokaribe ak CIRH) ki te la pou fè devlopman nan peyi a ki
    enstore klima sa a pou fè lòt advèsè politik yo pè ?
    Paj | 9
    Nan sans sa a, yo itilize lajan yo detounen yo pou yo kontwole katye yo pou pèmèt yo
    rete sou pouvwa a menm si eleksyon ta vin fèt, yon fason pou anpeche lajistis
    pouswiv yo pou koripsyon ak gabji yo fè nan leta a.
    2-8-Lamafya kap aji
    Èske se mafya nan djaspora a tankou andedan peyi a, menm jan endistri kap pwodwi
    zam ak bal nan lemond yo fè l la ki rive idantifye peyi d’Ayiti tankou esansyèl
    konsomatè ?
    Pou sa fèt, yo oblije kreye bezwen an pou mache a egziste. Nan sans sa, plis gen baz,
    pliz gen sòlda, plis gen nesesite pou gen batay nan katye yo, zam ak bal ap vann. E
    tout biznismann, gwosis ak, detayan, gen menm tanperaman. Yo pa konn moun.
    Konsa tou, tout lòt trafik ap fèt. Dwòg ap pase, ògàn moun ap vann, timoun ap trafike.
    2-9-Piyaj richès natirèl kap fèt
    Èske se gran eksplwatè richès natirèl yo, richès anba tè yo, ki deside antreprann
    travay pou ekstrè richès ki nan peyi a?
    kidonk , nan tèt kole ak politisyen epi boujwa, yo blije kreye yon klima pete kouri nan
    mitan popilasyon an pou moun yo kite zòn yo san yo pa oblije dedomaje yo.
    Ekstrasyon sa a gen dwa ap fèt la pandan gang yo okipe zòn nan ap tire kout bal,
    konsa tou li gengwa prevwa jis apre, pou lane ki gen pou vini yo.
    2-10-Yon lòt boujwazi k pral genyen
    Èske se yon gwoup envestisè ak gwo antreprenè mondyal ki wè opòtinite ki genyen
    nan peyi a ki deside pouse do boujwa ki la yo?
    Yo panse si yo atake yo dirèkteman li pap bon paske popilasyon ayisyèn nan ap toujou
    gen menm stati sibzistan an. Pa bliye, boujwa ki la yo se souskri yo souskri, se
    revandè yo ye, se soutretan yo ye, yo pa pwodwi, yo pa gen ren. Kifè, atake popilasyon
    an nan rann li pòv, kidnape l fè l vann tout sa l genyen pou l peye liberasyon li, kraze
    boule biznis li, boule kay li, fòse l kite zòn li al mawon lòt kote, sa se mwayen ki pibon
    Paj | 10
    pou yo afebli ekonomikman sosyete a paske pouvwa dacha moun yo ap diminye. Lè sa
    a, antrepriz yo ap vin fè mwens pwofi, yap fè defisi tou paske yap pèdi machandiz,
    materyèl ak lokal, yap peye gang yo pou kite yo fonksyone. Ale pou vini yap vin lan
    anpil nan apwovizyonnman yo. Finalman yap oblije bay vag.
    Refleksyon sou gangsterizasyon peyi a anpil, menm jan ak konsekans li yo ki pa piti
    non plis. Men, li klè pou n rive konnen kisa sa kap pase la a ye, se demach sa pou n
    swiv, se kesyon sa yo poun ta poze. Nan tout sa kap di yo, nan tout sa nou panse li te
    ka ye, swa kòm koz oubyen objektif, opinyon sa yo kapab enteresan.
    Malerezman se listwa pi douvan kap rive di, lè jenerasyon sa pa la ankò kisa li tap
    regle nan peyi a ak sitiyasyon sa li te responsab kòm aktè oubyen kòm konplis.
    James Salomon
    Paj | 11
Loader Loading...
EAD Logo Taking too long?

Reload Reload document
| Open Open in new tab

Download [48.23 KB]

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *